Luke 3:34 Cross References - Haitian

34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò.

Genesis 11:24-32

24 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 25 Apre sa, li viv sandiznevan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 26 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran. 27 Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 28 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. 29 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 30 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit. 31 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 32 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an).

Genesis 21:3

3 Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.

Genesis 25:26

26 Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezaou nan talon pye l': se poutèt sa yo rele l' Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt.

Joshua 24:2

2 Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.

1 Chronicles 1:24-28

24 Soti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak, 25 Ebè, Pelèg, Reou, 26 Sewoug, Nakò, Terak 27 ak Abram ki te rele Abraram tou. 28 Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl.

1 Chronicles 1:34

34 Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl.

Matthew 1:2

2 Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l' yo.

Acts 7:8

8 Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.