Joshua 24:8 Cross References - Haitian

8 Lèfini, mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase.

Numbers 21:21-35

21 Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa: 22 -Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la. 23 Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo. 24 Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade. 25 Se konsa, moun Izrayèl yo pran tout lavil moun Amori yo, depi Esbon, kapital la ak lòt ti bouk nan vwazinaj li ki te sou kont li, epi yo rete ladan yo tout. 26 Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon. 27 Se poutèt sa sanba yo di: -Ann ale Esbon! Ann al bati l' ankò! Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l' ankò! 28 Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an. 29 Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a. 30 Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba. 31 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo vin rete nan peyi Amori a. 32 Moyiz menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinaj li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo. 33 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo tounen sou wout yo, yo pran chemen ki mennen lavil Bazan. Epi Og, wa lavil Bazan an, leve tout pèp l' a, li vin kontre ak yo pou l' atake yo bò Edreyi. 34 Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa bezwen pè msye! M'ap fè nou kraze l' anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp l' a. M'ap fè nou pran peyi l' la pou nou. Nou pral fè l' pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase. 35 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo touye Og, ansanm ak pitit gason l' yo ak tout pèp l' a. Yo pa kite yonn chape, yo pran tout peyi a pou yo.

Deuteronomy 2:32-3:7

32 Siyon mache kontre nou ak tout lame l' la, li vin mande nou batay bò Jayat.

Joshua 13:10

10 Li pran tout lavil ki te pou Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon pandan tout rèy li, li rive jouk sou fwontyè moun Amon yo.

Nehemiah 9:22

22 Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp. Ou separe l' ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la.

Psalms 135:10-11

10 Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa: 11 Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.

Psalms 136:17-22

17 Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 18 Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 19 Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 20 Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 21 Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 22 Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.