John 19:14 Cross References - Haitian

14 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.

Matthew 27:62

62 Nan denmen, ki vle di jou repo a menm, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale bò kot Pilat.

Mark 15:25

25 Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.

Mark 15:33-34

33 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi. 34 Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)

Mark 15:42

42 Solèy te fin kouche, se te jou preparasyon jwif yo (ki vle di: lavèy jou repo a).

Luke 23:54

54 Se te yon jou vandredi, repo a tapral kòmanse.

John 19:3

3 Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.

John 19:5

5 Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!

John 19:19-22

19 Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. 20 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. 21 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. 22 Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.

John 19:31-32

31 Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo. 32 Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.

John 19:42

42 Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.