John 12:4 Cross References - Haitian

4 Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa:

1 Samuel 17:28-29

28 Eliyab, pi gran nan frè David yo, te tande l' ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di l' konsa: -Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen jan ou lafoura. Ou toujou sou plan! Se batay la ou vin gade. 29 David reponn li: -Kisa m' fè, mezanmi! Yon senp ti keksyon m'ap mande moun yo la a wi!

Ecclesiastes 4:4

4 Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.

Matthew 10:4

4 Te gen Simon, patriyòt la ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi l' yo.

Luke 6:16

16 Jid, pitit Jak la, avèk Jida Iskariòt, nonm ki te trayi Jezi a.

John 6:70-71

70 Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab. 71 Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskariòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki tapral trayi li.

John 13:2

2 Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.

John 13:26

26 Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.

John 18:2-5

2 Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo. 3 Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen. 4 Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache? 5 Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.