Isaiah 27:4 Cross References - Haitian

4 Mwen pa fache avè l' ankò. Si mwen jwenn pikan ak move raje ladan l', m'a rache yo. M'a sanble yo, m'a boule yo nan dife.

2 Samuel 23:6

6 Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pesonn p'ap manyen yo ak men.

Psalms 85:3

3 Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.

Psalms 103:9

9 Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.

Isaiah 9:18

18 Mechanste kaye nan mitan pèp la, tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan syèl la.

Isaiah 10:17

17 Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.

Isaiah 12:1

1 Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.

Isaiah 26:20-21

20 Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou. Fèmen pòt dèyè nou. Kache kò nou pou yon ti tan, jouk kòlè Bondye a va fin pase. 21 Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.

Isaiah 54:6-10

6 Ou tankou yon madanm mari l' kite l', epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l' te renmen depi lè l' te jenn gason, men li vire do kite l'. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li. 7 Men sa Bondye ou la di ou: -Mwen te kite ou pou yon ti tan. Men, m'ap tounen avè ou ankò paske mwen renmen ou anpil. 8 Kòlè te fè m' pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. M'ap moutre ou jan m' toujou renmen ou. Se Seyè k'ap delivre ou la ki di ou sa. 9 Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò. 10 Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m' te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

Ezekiel 16:63

63 M'ap padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Nahum 1:3-7

3 Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve. 4 Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen. 5 Gwo mòn yo tranble lè yo wè l'. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l' ansanm ak tout moun ki rete sou li. 6 Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li. 7 Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.

Malachi 4:3

3 Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m' aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Matthew 3:12

12 Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

Hebrews 6:8

8 Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l' madichon. Lè sa a, yo ka boule li.

2 Peter 2:9

9 Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an,

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.