Ephesians 6:3 Cross References - Haitian

3 Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.

Deuteronomy 4:40

40 Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.

Deuteronomy 5:16

16 Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Deuteronomy 6:3

3 Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.

Deuteronomy 6:18

18 N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo,

Deuteronomy 12:25

25 Si nou pa manje san an, tout bagay va mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'a fè sa ki fè Seyè a plezi.

Deuteronomy 12:28

28 Se pou nou swiv pwen pa pwen tou sa m'ap mande nou fè a, se pou nou kenbe tout lòd mwen ban nou pou tout bagay toujou mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'ap fè tou sa ki byen, tou sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.

Deuteronomy 22:7

7 N'a kite manman zwazo a vole ale, n'a pran ti zwazo yo sèlman. Se konsa Bondye va fè tout zafè nou mache byen, l'a fè nou viv lontan.

Ruth 3:1

1 Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou?

Psalms 128:1-2

1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan! 2 Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.

Isaiah 3:10

10 Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.

Jeremiah 42:6

6 Se nou menm ki mande ou pou lapriyè Seyè a pou nou. Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Seyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l'.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.