8 Lè gen yon ka move maladi po, se pou nou sèten yo fè tou sa moun Levi yo mande fè. Se pou nou swiv tout regleman mwen te ba yo sou sa.
Deuteronomy 24:8 Cross References - Haitian
Leviticus 13:1-46
1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2 -Si yon moun wè yon kote sou po kò l' anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou.
3 Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la va wè sa, l'a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
4 Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pandan sèt jou.
5 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prèt la va fèmen moun lan pou kont li pou sèt jou ankò.
6 Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
7 Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre prèt la te fin di moun lan bon lè li te wè l' la, se pou moun lan parèt devan prèt la ankò.
8 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin pi laj sou po a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!
9 Lè yon moun va gen yon move maladi po sou li, y'a mennen l' bay prèt la.
10 Prèt la va egzaminen l'. Si li wè yon bouton blan sou po a ki fè pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,
11 se va yon move maladi po ki chita sou li. Prèt la va fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Li p'ap bezwen fèmen l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki klè, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye.
12 Men, si maladi a gaye sou tout kò l', si li kouvri ak bouton depi nan tèt jouk nan pye, kifè kote prèt la voye je l' li wè se bouton,
13 prèt la va egzaminen l' ankò. Si maladi a kouvri tout kò l', prèt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi tout kò l' vin tou blan, li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
14 Men, jou yon bouton pete, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
15 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè yon bouton pete, l'a fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
16 Men, lè bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ankò, moun lan va tounen al jwenn prèt la.
17 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin tou blan, prèt la va fè konnen nonm lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
18 Si yon moun gen yon apse ki geri,
19 men kote apse a te ye a vin anfle, ou ankò yon ti bouton wouj anba po a vin parèt, se pou l' al wè prèt la.
20 Prèt la va egzaminen l'. Si bouton an gen lè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parèt sou mak apse a.
21 Men, lè prèt la egzaminen l', si li wè pwal ki ladan l' yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase rès po a, si li konmanse chanje koulè, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.
22 Si bouton an gaye sou tout kò l', prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.
23 Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
24 Ou ankò, lè yon moun boule nan dife, si lè li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan,
25 prèt la va egzaminen l'. Si li wè pwal yo vin blan, epi si tach la gen lè pi fon pase rès po a, y'a konnen se yon move maladi po k'ap devlope sou boule a. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.
26 Men, si lè prèt la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase rès po a, men li ta vle chanje koulè, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou.
27 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. Lè sa a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
28 Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulè a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, paske se boule a k'ap geri.
29 Lè yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l' osinon nan bab li ki fè yon plak,
30 prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l' osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
31 Men, lè prèt la egzaminen plak pyas la, si li wè gen lè li pa pi fon pase rès po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan jòn, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.
32 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen malenng lan ankò. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l' yo pa vin jòn, si li gen lè pa pi fon pase rès po a,
33 moun lan va koupe tout cheve nan tèt li san l' pa manyen pyas la. Apre sa, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou ankò.
34 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
35 Men, si apre prèt la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a,
36 prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wè si li gen cheve jòn ankò. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
37 Men si li wè pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
38 Lè yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki parèt sou po l',
39 prèt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
40 Lè yon nonm pèdi tout cheve nan tèt li, li chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
41 Konsa tou, lè yon moun pèdi cheve sou tout devan tèt li, li demi chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
42 Men, si kote l' chòv la yon ti tach koulè wouj-blan parèt, se ka yon move maladi po k'ap leve sou kò l'.
43 Lè sa a, prèt la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koulè wouj-blan tankou lè moun gen move maladi po sou kò yo,
44 l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.
45 Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!
46 Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete.
Leviticus 13:57
57 Si apre sa, kanni an parèt ankò epi li konmanse gaye nan rès rad la, mèt rad la va boule l'.
Leviticus 14:2
2 -Men regleman w'a bay pou yo swiv lè y'ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prèt la.
Leviticus 14:9-10
9 Sou setyèm jou a, l'a kale tèt li ankò, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rès kò li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kò l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
10 Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.
Matthew 8:4
4 Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri.
Mark 1:44
44 Li di l' konsa: -Piga ou pale sa ak pesonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.
Luke 5:14
14 Jezi pase l' lòd sevè sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.
Luke 17:14
14 Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri.