2 Samuel 24:5 Cross References - Haitian

5 Yo travèse larivyè Jouden, y' al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò.

Numbers 21:32

32 Moyiz menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinaj li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo.

Numbers 32:1

1 Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,

Numbers 32:3

3 -Tout rejyon kote nou jwenn lavil sa yo: Atawo, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon, Eleyale, Sèbam, Nebo ak Biyon,

Numbers 32:35

35 Atawo, Sofam, Jaze ak Jobeya,

Deuteronomy 2:36

36 Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou.

Joshua 13:9

9 Peyi yo a te soti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon.

Joshua 13:16

16 Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a,

1 Samuel 30:28

28 bay moun lavil Awoyè, bay moun lavil Sifmòt ak moun lavil Echtemoa,

Isaiah 16:8-9

8 Gwo jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a. 9 Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.

Isaiah 17:2

2 Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.