2 Corinthians 4:18 Cross References - Haitian

18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Leviticus 16:25-26

25 L'a pran grès bèt yo te ofri pou peche a, l'a boule yo sou lotèl la. 26 Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dezè a gen pou l' lave tout rad ki sou li, epi pou l' pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.

Matthew 25:46

46 Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.

Romans 8:24-25

24 Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n'ap tann toujou. Si nou wè sa n'ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k'ap rete tann sa li wè deja? 25 Men, si n'ap tann sa nou pa wè, n'ap tann li avèk pasyans.

2 Corinthians 5:7

7 Si n'ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la.

2 Thessalonians 2:16

16 M'ap lapriyè Jezikri, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa.

Hebrews 11:1

1 Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre.

Hebrews 11:13

13 Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pa t' gen tan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen, lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.

Hebrews 11:25-27

25 Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. 26 Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. 27 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.

Hebrews 12:2-3

2 Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a. 3 Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.

1 John 2:16-17

16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. 17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

1 John 2:25

25 Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.