2 Corinthians 10:2 Cross References - Haitian

2 Tanpri, pa fòse m' moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m' sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm.

Romans 8:1

1 Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Romans 8:5

5 Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a.

1 Corinthians 4:18-21

18 Gen kèk moun nan mitan nou ki gen tan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou. 19 Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a. 20 Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la. 21 Kisa nou pito? Nou ta vle mwen vin ak yon baton pou nou, osinon avèk renmen, avèk dousè nan kè mwen pou nou? Libètinaj nan legliz la

2 Corinthians 11:9-13

9 Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t' sou kont pesonn lè m' te bezwen lajan, paske frè ki soti Masedwan yo te pote tou sa m' te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m' pou m' pa t' sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a. 10 Jan mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m' vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p'ap kapab wete l' nan men mwen. 11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou. 12 Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen. 13 Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.

2 Corinthians 12:13-20

13 Mwen pa t' sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fòt sa a. Men, apa sa, kisa yo fè pou lòt legliz yo yo pa fè pou nou? 14 Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit. 15 Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa? 16 Se pou nou admèt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti. 17 Nan moun mwen te voye lakay nou, èske gen ladan yo ki te souse nou? 18 Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezòn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an? 19 Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa. 20 Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou.

2 Corinthians 13:2

2 M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn.

2 Corinthians 13:10

10 M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.

Galatians 5:16-25

16 Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. 17 Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle. 18 Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò. 19 Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. 20 Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. 21 Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a. 22 Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè. 23 Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo. 24 Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo. 25 Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.

Ephesians 2:2-3

2 Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo. 3 Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.