1 Samuel 21:5 Cross References - Haitian

5 David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.

Leviticus 8:26

26 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, li pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil, ak yon pen rale. Li mete yo sou moso grès yo ak sou jigo dwat la.

Leviticus 24:9

9 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo pen yo va ye. Y'a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan.

Acts 9:15

15 Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.

1 Thessalonians 4:3-4

3 Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. 4 Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye.

2 Timothy 2:20-21

20 Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdenè. 21 Si yon moun kenbe kò l' pou l' pa fè sa ki mal, y'a fè l' fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l'ap pare pou l' fè nenpòt bagay ki byen.

1 Peter 3:17

17 Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n' soufri, li pa vle nou fè sa ki mal.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.