8 Ou gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lè m' t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te fè sèman nan non Seyè a mwen p'ap fè yo touye l'.
1 Kings 2:8 Cross References - Haitian
2 Samuel 16:5-8
5 Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil soti lavil la vin kontre l'. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l', li t'ap ba li madichon.
6 Li konmanse voye wòch sou David ak sou moun pa l' yo, atout pèp la ak sòlda yo t'ap mache sou bò dwat ak sou bò gòch wa a.
7 Chimeyi t'ap bay David madichon, li t'ap di l': -Ale ou vouzan! Ale ou vouzan! Vakabon! Ansasen!
8 Ou te pran plas wa Sayil la! Jòdi a Seyè a ap pini ou pou tout moun nan fanmi Sayil ou te sasinen yo. Seyè a renmèt gouvènman an nan men Absalon, pitit gason ou lan. Se konsa pou ou te fini, se ansasen ou ye!
2 Samuel 19:16-23
16 Se konsa yon nonm nan branch fanmi Benjamen an, Chimeyi, pitit Gera a, moun lavil Baourim, te kouri al kontre wa David bò larivyè Jouden an ansanm ak yo.
17 Te gen mil (1000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l'. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l' yo ak vin moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an.
18 Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè. Lè wa a fè sa pou l' janbe tou, Chimeyi lage kò l' atè devan wa a.
19 Li di l' konsa: -Monwa, tanpri! Pa kenbe m' nan kè! Bliye sa m' te fè ou jou ou t'ap kite lavil Jerizalèm lan. Tanpri, pa kenbe m' nan kè!
20 Mwen konnen sa m' te fè a te mal, monwa. Ou wè jòdi a, premye moun nan tout branch fanmi Jozèf la ki kouri vin resevwa ou, se mwen menm.
21 Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa: -Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon.
22 Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.
23 Apre sa, wa a di Chimeyi konsa: -Mwen fè ou sèman, yo p'ap touye ou!
1 Kings 2:36-46
36 Apre sa, wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Bati yon kay pou ou isit nan lavil Jerizalèm. Se la mwen vle ou rete. Piga ou janm kite lavil la.
37 Mwen tou pale ou, jou ou soti kite lavil la, jou ou janbe lòt bò ravin Sedwon an, w'ap mouri wi. Mwen ki di ou sa. Se ou menm ki va reskonsab nenpòt sa ki va rive ou.
38 Chimeyi reponn: -Dakò, monwa. m'a fè sa ou di a. Se konsa Chimeyi rete lontan lavil Jerizalèm.
39 Twazan apre sa, de nan esklav Chimeyi yo sove, y' al lakay Akich, pitit gason Maka a, ki te wa lavil Gat. Yo vin di Chimeyi esklav li yo te lavil Gat.
40 Chimeyi leve, li sele bourik li, l' al chache esklav li yo lakay Akich lavil Gat. Apre sa, li tounen lakay li ansanm ak esklav li yo.
41 Yo fè Salomon konnen Chimeyi te soti lavil Jerizalèm ale lavil Gat epi li tounen.
42 Wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Mwen te kwè m' te fè ou pwomèt devan Seyè a pou ou pa janm kite lavil Jerizalèm? Mwen te tou pale ou. Jou w'a soti lavil Jerizalèm pou ale nenpòt ki kote, w'ap mouri. Eske ou pa t' reponn mwen ou te dakò avè m', ou t'ap fè tou sa mwen mande ou la?
43 Poukisa atò ou pa kenbe pwomès ou te fè devan Seyè a? Poukisa ou dezobeyi m'?
44 Ou konnen byen pwòp tou sa ou te fè David, papa m'. Seyè a pral pini ou pou sa.
45 Men, l'ap beni m', mwen menm Salomon. L'ap fè gouvènman fanmi David la chita pou tout tan.
46 Apre sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lòd. Benaja soti, l' al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lè sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l'.
Jeremiah 4:2
2 si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.