Bible verses about "sloth" | Haitian

Proverbs 19:15

15 Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.

Proverbs 6:6-8

6 Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi. 7 Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. 8 Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la.

Romans 12:11

11 Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.

Philippians 4:13

13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.

Proverbs 21:25-26

25 Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou. 26 Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.

Matthew 25:26

26 Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante.

Proverbs 24:30-34

30 Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann. 31 Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe. 32 Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson. 33 Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! 34 W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.

Ecclesiastes 10:18

18 Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.

Proverbs 15:19

19 Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'.

Colossians 3:23

23 Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a.

Proverbs 12:24

24 Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.

2 Thessalonians 3:10

10 Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis.

Proverbs 13:4

4 Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.