Bible verses about "rejoicing" | Haitian

Isaiah 65:18

18 Sa m' pral fè a ap bay kè kontan, moun ap fè fèt san rete. Mwen pral fè yon lòt lavil Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan.

Acts 8:38-39

38 Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li. 39 Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan.

Psalms 113:1-9

1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! 2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan. 3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a! 4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la. 5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt. 6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a. 7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. 8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a. 9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!

Luke 10:20

20 Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.

Acts 16:33-34

33 Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li. 34 Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye.

Luke 15:10

10 Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.

Romans 12:15

15 Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

Romans 5:3

3 Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.

Philippians 4:4

4 Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.