Bible verses about "integrity" | Haitian

Proverbs 21:3

3 Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.

Proverbs 4:25-27

25 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. 26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. 27 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.

2 Corinthians 8:21

21 N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou.

Philippians 4:8

8 Pou fini, frè m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Proverbs 20:7

7 Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.

Proverbs 12:22

22 Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.

Luke 16:10

10 Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis.

1 Peter 3:16

16 Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.

Colossians 3:23

23 Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a.

Proverbs 19:1

1 Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.

1 John 4:7-10

7 Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. 8 Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. 9 Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi. 10 Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.

Proverbs 28:6

6 Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.

Proverbs 11:3

3 Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.

Proverbs 10:9

9 Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.