Bible verses about "insects" | Haitian

Leviticus 11:20-30

20 Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje. 21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote, 22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt. 23 Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje. 24 Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 25 Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 26 Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye. 27 Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 28 Tout moun ki pote kadav bèt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. 29 Pami tout bèt toupatou sou latè ki mache sou vant, men sa ki pa bon pou nou manje: tout kalite zagoudi, sourit ak leza, 30 zandolit, soud, mabouya, gongolo, aganman.

Leviticus 11:20-23

20 Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje. 21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote, 22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt. 23 Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.

Genesis 1:30

30 Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase.

Leviticus 11:20

20 Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.