Bible verses about "herpes" | Haitian

Deuteronomy 28:21-24

21 Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an. 22 L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt. 23 Syèl la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch. 24 Nan plas lapli, Seyè a va fè pousyè tè ak sab kouvri nou jouk nou mouri.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.