Bible verses about "heartbreak" | Haitian

2 Chronicles 7:14

14 lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.

Proverbs 13:12-14

12 Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou. 13 Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo. 14 Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.

James 4:17

17 Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.

Psalms 39:12

12 Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.

Psalms 55:22

22 Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.

Psalms 86:1-17

1 Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye. 2 Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen. 3 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou! 4 Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè! 5 Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou. 6 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou! 7 Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen. 8 Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè! 9 Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou, 10 paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye. 11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif. 12 Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa! 13 Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a. 14 Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye! 15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou! 16 Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. 17 Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!

Proverbs 12:25

25 Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.

Proverbs 3:5

5 Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.

John 13:7

7 Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita.

John 8:32

32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.

2 Corinthians 4:9

9 Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a.

Proverbs 14:13-14

13 Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere. 14 Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.

Psalms 34:18-20

18 Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. 19 Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. 20 Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.

Psalms 147:3

3 L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.