Bible verses about "earthquakes" | Haitian

Job 9:5-6

5 Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen. 6 Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.

Psalms 46:2

2 Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

Isaiah 24:19

19 Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l'.

Isaiah 13:13

13 Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.

Ezekiel 38:19

19 M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.

Hebrews 12:26

26 Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.

Revelation 16:18

18 Lè sa a zèklè pran fè yan, loraj t'ap gwonde nan sièl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pa t' yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pa t' janm wè tè a tranble konsa.

Psalms 60:2

2 Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (12.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la.

Matthew 28:2

2 Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.

Acts 16:26

26 Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.

2 Timothy 3:1-5

1 Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. 2 Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. 3 Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. 4 Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. 5 Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.

Revelation 6:12-14

12 Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizièm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, sòlèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. 13 Zetwal yo menm t'ap sot nan sièl la tonbe sou latè, tankou fig frans tou vèt k'ap tonbe lè gwo van ap souke pie fig la. 14 Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote.

Matthew 24:7

7 Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.

Revelation 11:13

13 Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil (7.000) moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la.

Mark 13:8

8 Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.

Luke 21:11

11 Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.