Bible verses about "chores" | Haitian

Luke 16:10

10 Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis.

Proverbs 31:10-31

10 Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. 11 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. 12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen. 13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'. 14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la. 15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè. 16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li. 17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay. 18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay. 19 Li file koton, li koud rad li. 20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. 21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo. 22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere. 23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen. 24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann. 25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen. 26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. 27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè. 28 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li. 29 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou! 30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a. 31 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.

1 Corinthians 3:8

8 Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè.

1 Corinthians 14:40

40 Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplen.

Galatians 6:5

5 Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote.

Philippians 4:13

13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.

Exodus 20:12

12 Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.

Proverbs 22:6

6 Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.

Colossians 3:20

20 Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.

Ephesians 6:1-3

1 Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. 2 Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l': 3 Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.

Philippians 2:14-15

14 Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite, 15 pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la,

Proverbs 25:12-13

12 Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou. 13 Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.