Zechariah 7:2 Cross References - Haitian

2 Moun lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Seyè a.

Exodus 32:11

11 Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou?

1 Samuel 13:12

12 Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a.

1 Kings 13:6

6 wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.

Ezra 6:10

10 Konsa, y'a ka ofri sakrifis santi bon ki va fè Seyè a plezi. Y'a lapriyè pou wa a ak pou pitit li yo.

Ezra 7:15-23

15 W'a pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l' yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen tanp li lavil Jerizalèm. 16 W'a pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm. 17 Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm. 18 Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l', depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an. 19 W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la. 20 Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo. 21 Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta, 22 depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant (650) barik ble, sisan (600) galon diven, sisan (600) galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen. 23 Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m'.

Ezra 8:28-30

28 Mwen di yo: Nou menm, nou se moun yo mete apa pou sèvis Seyè a. Veso sa yo, yo mete yo apa pou Seyè a tou. Ajan sa yo ak lò sa yo se ofrann moun yo te fè lide ofri bay Seyè a, Bondye zansèt nou yo. 29 Nou reskonsab yo jouk n'a rive nan tanp lan lavil Jerizalèm. Rive la, nan chanm prèt yo ki nan tanp Bondye a, n'a peze yo ankò devan chèf prèt yo ak chèf moun Levi yo, devan chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, epi n'a renmèt yo li. 30 Se konsa, lè mwen fin peze ajan an, lò a ak veso yo, prèt yo ak moun Levi yo pran yo nan men m', pou pote yo jouk lavil Jerizalèm, nan tanp Bondye nou an.

Isaiah 60:7

7 Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou. N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis. N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m' plezi. Seyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò.

Jeremiah 26:19

19 Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.

Zechariah 6:10

10 -W'a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fèk rive soti lavil Babilòn.

Zechariah 8:21

21 Moun va soti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Seyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Seyè a pou mande l' benediksyon. Ann ale non!

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.