Ruth 2:21 Cross References - Haitian

21 Lè sa a, Rit di konsa: -Men sa l' di m' ankò: Se pou m' rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.

Ruth 2:7-8

7 Li te mande m' pou m' kite l' mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l' la a depi maten. Li fèk sispann pou l' pran yon ti repo anba tonèl lan la a. 8 Lè sa a, Bòz di Rit konsa: -M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la.

Ruth 2:22

22 Naomi reponn li: -Wi, pitit mwen! Pito ou rete travay avèk medam yo nan jaden Bòz la, tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou.

Song of Songs 1:7-8

7 Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo. 8 Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.