Ruth 1:13 Cross References - Haitian

13 ske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m' yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m' mal anpil pou nou. Men Seyè a fè m' twòp lapenn deja.

Deuteronomy 2:15

15 Seyè a te leve dèyè yo nan kan an jouk yo tout te mouri.

Judges 2:15

15 Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè!

1 Samuel 5:11

11 Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo.

Job 19:21

21 Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.

Psalms 32:4

4 Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè.

Psalms 38:2

2 Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!

Psalms 39:9-10

9 Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz. 10 M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.