Psalms 8:8 Cross References - Haitian

8 Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,

Genesis 1:20-25

20 Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase. 21 Bondye kreye gwo bèt lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. 22 Bondye beni yo, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit, plen dlo lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tout sou tè a. 23 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a. 24 Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. 25 Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon.

Job 38:39-39:30

39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,

Job 40:15-41:34

15 Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf. 16 Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li. 17 Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul. 18 Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè. 19 Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba. 20 Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo. 21 Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo. 22 Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'. 23 Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz. 24 Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.

Job 41:15-34

15 Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch. 16 Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase. 17 Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo. 18 Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve. 19 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'. 20 Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife. 21 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li. 22 Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase. 23 Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch. 24 Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen. 25 Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè. 26 Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen. 27 Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi. 28 Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li. 29 Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li. 30 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden. 31 Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè. 32 Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen. 33 Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen. 34 Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.

Psalms 148:10

10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.