Psalms 83:16 Cross References - Haitian

16 se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!

Job 10:15

15 Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.

Psalms 6:10

10 Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li. Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.

Psalms 9:19-20

19 Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. 20 Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.

Psalms 34:5

5 Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.

Psalms 109:29

29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.

Psalms 132:18

18 M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.