Philippians 4:21 Cross References - Haitian

21 Bonjou pou pèp Bondye a k'ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frè ki la avè m' yo voye bonjou pou nou.

Romans 16:3-16

3 Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a. 4 Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou. 5 Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi. 6 Di Mari ki te bay kò l' anpil traka pou nou an bonjou. 7 Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m' yo ki te al nan prizon ansanm avè m' yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen. 8 Di Anplyatis, bon zanmi m' nan menm Seyè a, bonjou. 9 Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an. 10 Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou. 11 Di Ewòdyon, fanmi m' lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou. 12 Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m' ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou. 13 Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l' ki yon manman pou mwen tou. 14 Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou. 15 Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avek Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou. 16 Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.

Romans 16:21-22

21 Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m' yo, yo tout voye bonjou pou nou. 22 Mwen menm, Tèsiyis, ki kouche lèt sa a sou papye, mwen voye bonjou pou nou nan renmen Kris la.

1 Corinthians 1:2

2 pou nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Seyè nou an. Paske Jezikri se Seyè yo menm jan li Seyè nou tou.

Galatians 1:2

2 Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m' pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo.

Galatians 2:3

3 Enben, Tit ki te avè m' lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pa t' egzije l' sikonsi,

Ephesians 1:1

1 Mwen menm, Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki nan lavil Efèz la, k'ap kenbe fèm nan lavi y'ap mennen ansanm nan Jezikri.

Philippians 1:1

1 Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou.

Colossians 4:10-14

10 Aristak ki nan prizon ansanm avè m' voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l' byen si l' vin lakay nou). 11 Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj. 12 Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou. 13 Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l' anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo. 14 Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou.

Philemon 1:23-24

23 Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou. 24 Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.