Numbers 7:85 Cross References - Haitian

85 Chak bòl an ajan te peze twa liv enka, chak plat an ajan te peze yon liv twaka. Sa te fè antou swasant liv ajan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.

1 Chronicles 22:14

14 Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan (3.300) tòn lò, tranntwamil (33.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou.

1 Chronicles 29:4

4 sanmil (100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan,

1 Chronicles 29:7

7 Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan.

Ezra 8:25-26

25 Mwen pran pèz tout ajan ak tout lò ak tout lòt veso wa a, konseye l' yo ak lòt chèf ki avè l' yo te bay pou sèvi nan tanp Bondye nou an ansanm ak ofrann moun pèp Izrayèl yo, epi mwen renmèt yo bay douz chèf prèt yo. 26 Men sa mwen te renmèt yo nan men: nèfsandouzmil (912.000) ons ajan, ak san veso an ajan ki te peze demilkatsan (2.400) ons, sansenkantwitmil (158.000) ons lò,

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.