Numbers 36:1 Cross References - Haitian

1 Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la,

Numbers 26:29-33

29 Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo. 30 Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo, 31 fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo, 32 fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo. 33 Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pa t' gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa.

Numbers 27:1

1 Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf.

Joshua 17:2-3

2 Apre sa, yo bay fanmi lòt pitit Manase yo yon pòsyon nan tè a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pòsyon pou pitit Abyezè yo, yon pòsyon pou pitit Elèk yo, yon pòsyon pou pitit Asriyèl yo, yon pòsyon pou pitit Sichèm yo, yon pòsyon pou pitit Efè yo, yon lòt pòsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozèf la. 3 Nan branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efè. Efè sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pa t' gen pitit gason menm. Se fi ase li te fè. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza.

1 Chronicles 7:14-16

14 Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad. 15 Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase. 16 Maka, madan Maki, fè yon pitit gason. Li rele l' Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.