Numbers 1:4 Cross References - Haitian

4 N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.

Exodus 18:21

21 Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.

Exodus 18:25

25 Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.

Numbers 1:16

16 Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.

Numbers 2:3-31

3 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a. 4 Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (74.600) gason nan divizyon sa a. 5 Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a. 6 Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (54.400) gason nan divizyon sa a. 7 Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a. 8 Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (57.400) gason nan divizyon sa a. 9 Konsa, anba làbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan (186,400) gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase. 10 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan. 11 Dapre resansman an, te gen karannsimil senksan (46.500) gason nan divizyon sa a. 12 Moun Simeyon yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Woubenn yo. Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te chèf fanmi yo a. 13 Dapre resansman an, te gen senkannèfmil twasan (59.300) gason nan divizyon sa a. 14 Moun Gad yo va rete sou menm bò a, agoch moun Woubenn yo. Se Elyasaf, pitit gason Reouyèl la, ki te chèf fanmi yo a. 15 Dapre resansman an, te gen karannsenkmil sisan (45.600) gason nan divizyon sa a. 16 Konsa, anba làbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant (151.450) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase. 17 Lè tout moun ap deplase, y'a mache nan menm pozisyon yo mete yo lè y'ap moute kan yo, anba làbanyè yo: de divizyon devan, de divizyon dèyè ak fanmi Levi yo nan mitan ap pote Tant Randevou a. 18 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan. 19 Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan divizyon sa a. 20 Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a. 21 Dapre resansman an, te gen tranndemil desan (32.200) gason nan divizyon sa a. 22 Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a. 23 Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan (35.400) gason nan divizyon sa a. 24 Konsa, anba làbanyè Efrayim lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou san witmil san (108.100) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an twazyèm pozisyon lè y'ap deplase. 25 Tout moun k'ap mache anla làbanyè Dann lan va moute kan yo sou bò nò, chak divizyon apa. Se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki te chèf fanmi Dann lan. 26 Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan (62.700) gason nan divizyon sa a. 27 Moun Asè yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Dann yo. Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te chèf fanmi yo a. 28 Dapre resansman an, te gen karanteyenmil senksan (41.500) gason nan divizyon sa a. 29 Moun Neftali yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Ayira, pitit gason Enan an, ki te chèf fanmi yo a. 30 Dapre resansman an, te gen senkanntwamil katsan (53.400) gason nan divizyon sa a. 31 Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan (157.600) gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo.

Numbers 7:10-83

10 Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la. 11 Seyè a di Moyiz konsa: -Chèf yo va pote ofrann yo pou sèvis y'ap fè pou mete lotèl la apa pou mwen. Y'a vini yonn apre lòt, yonn chak jou. 12 Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a. 13 Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo. 14 Li te ofri tou yon kiyè an lò, ki peze yon ka liv, plen lansan, 15 yon jenn ti towo bèf, yon belye mouton ak yon ti mouton ki poko gen ennan, tou sa pou yo boule nèt pou Seyè a. 16 Li te ofri ankò yon bouk pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal, 17 de towo, senk belye, senk bouk, senk ti mouton ki poko gen ennan pou ofrann pou di Bondye mèsi. Se ofrann sa a Nakchon, pitit gason Anminadab la, te ofri bay Seyè a. 18 Dezyèm jou a, se te tou pa Netanèl, pitit gason Zwa a, chèf branch fanmi Isaka a. 19 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 20 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 21 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 22 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 23 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 24 Twazyèm jou a, se te tou pa Eliyab, pitit gason Elon an, chèf branch fanmi Zabilon an. 25 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 26 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 27 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 28 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 29 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 30 Katriyèm jou a, se te pou pa Elizou, pitit gason Chedeyou a, chèf branch fanmi Woubenn lan. 31 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 32 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 33 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 34 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 35 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 36 Senkyèm jou a, se te tou pa Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, chèf branch fanmi Simeyon an. 37 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 38 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 39 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 40 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 41 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 42 Sizyèm jou a, se te tou pa Elyasaf, pitit gason Dewèl la, chèf branch fanmi Gad la. 43 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 44 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 45 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 46 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 47 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 48 Setyèm jou a, se te tou pa Elichama, pitit gason Amiyoud la, chèf branch fanmi Efrayim lan. 49 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 50 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 51 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 52 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 53 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 54 Uityèm jou a, se te tou pa Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, chèf branch fanmi Manase a. 55 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 56 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 57 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 58 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 59 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 60 Nevyèm jou a, se te tou pa Abidan, pitit gason Gideyoni an, chèf branch fanmi Benjamen an. 61 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 62 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 63 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 64 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 65 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 66 Dizyèm jou a, se te tou pa Ayezè, pitit gason Amichadayi a, chèf branch fanmi Dann lan. 67 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 68 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 69 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 70 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 71 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 72 Onzyèm jou a, se te tou pa Pagiyèl, pitit gason Okran an, chèf branch fanmi Asè a. 73 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 74 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 75 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 76 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 77 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 78 Douzyèm jou a, se te tou pa Ayira, pitit gason Enan an, chèf branch fanmi Neftali a. 79 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 80 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 81 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 82 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 83 Li ofri menm bagay ak Nakchon.

Numbers 10:14-27

14 Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la. 15 Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Isaka a. 16 Epi se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Zabilon an. 17 Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati. 18 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a. 19 Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an. 20 Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la. 21 Apre yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gen tan moute ankò ap tann yo. 22 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache. 23 Se Gamaliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Manase a. 24 Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an. 25 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache. 26 Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a. 27 Epi se Ayira, pitit gason Enan an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Neftali a.

Numbers 13:2-15

2 -Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo. 3 Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a. 4 Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a. 5 Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a. 6 Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a. 7 Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la. 8 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan. 9 Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a. 10 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyèl, pitit gason Sodi a. 11 Pou branch fanmi Jozèf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a. 12 Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyèl, pitit gason Jemali a. 13 Pou branch fanmi Asè a, se te Setou, pitit gason Mikayèl la. 14 Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a. 15 Pou branch fanmi Gad la, se te Geouyèl, pitit gason Maki a.

Numbers 17:3

3 W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'.

Numbers 25:4

4 Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.

Numbers 25:14

14 Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an.

Numbers 34:18-28

18 avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi. 19 Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a. 20 Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la. 21 Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan. 22 Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a. 23 Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a, 24 ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan. 25 Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la. 26 Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an. 27 Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a. 28 Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la.

Deuteronomy 1:15

15 Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.

Joshua 22:14

14 Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo.

1 Chronicles 27:1-22

1 Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (24.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan. 2 Pou gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf. 3 Se te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a. 4 Pou gwoup dezyèm mwa a, se te Dodayi, moun lavil Akoa, ki te chèf. Li te gen Miklòt pou adjwen. 5 Pou gwoup twazyèm mwa a, chèf lame a te rele Benaja, pitit Jeoyada, granprèt la. 6 Benaja sa a te chèf trant pi vanyan sòlda yo. Apre li, se Amizabad, pitit gason l', ki te pran kòmandman gwoup la. 7 Pou gwoup katriyèm mwa a, se Azayèl, frè Joab la, ki te chèf. Apre li, se Zebadya, pitit li, ki te pran kòmandman an. 8 Pou gwoup senkyèm mwa a, se Chamout, moun fanmi Izra, ki te chèf. 9 Pou gwoup sizyèm mwa a, se Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, ki te chèf. 10 Pou gwoup setyèm mwa a, se Elèz, moun fanmi Efrayim nan lavil Pelon, ki te chèf. 11 Pou gwoup wityèm mwa a, se Sibekayi, moun lavil Oucha, ki te chèf. Se yon moun fanmi Zera nan gwo branch fanmi Jida a. 12 Pou gwoup nevyèm mwa a, se Abyezè, moun lavil Anatòt nan branch fanmi Benjamen, ki te chèf. 13 Pou gwoup dizyèm mwa a, se Marayi, moun lavil Netofa nan fanmi Zera, ki te chèf. 14 Pou gwoup onzyèm mwa a, se Benaja, moun lavil Piraton nan zòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, ki te chèf. 15 Pou gwoup douzyèm mwa a, se Eldayi, moun fanmi Otnyèl nan lavil Netofa, ki te chèf. 16 Men non chèf ki te reskonsab douz gwo branch fanmi pèp Izrayèl la: Pou branch fanmi Woubenn lan, se te Elyezè, pitit gason Zikri. Pou branch fanmi Simeyon an, se te Sefatya, pitit gason Maka. 17 Pou branch fanmi Levi a, se te Asabya, pitit gason Kemwèl. Pou branch fanmi Arawon an, se te Zadòk. 18 Pou branch fanmi Jida a, se te Eliyou, yonn nan frè David yo. Pou branch fanmi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl. 19 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Ismaja, pitit gason Obadya. Pou branch fanmi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl. 20 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Azazya. Pou mwatye branch fanmi Manase a, se te Joèl, pitit gason Pedaja. 21 Pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, ki te rete nan peyi Galarad, se te Ido, pitit gason Zakari. Pou branch fanmi Benjamen an, se te Jasiyèl, pitit gason Abnè. 22 Pou branch fanmi Dann lan, se te Azareyèl, pitit gason Jeworam lan. Se yo ki te chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.