Mark 5:15 Cross References - Haitian

15 Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè.

1 Samuel 6:20-21

20 Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou? 21 Yo pran kèk mesaje, yo voye yo ale bò kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyè a tounen. Vin pran l' mennen lakay nou.

1 Samuel 16:4

4 Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?

1 Chronicles 13:12

12 Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a!

1 Chronicles 15:13

13 Premye fwa a, nou pa t' la. Se poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, te touye kèk nan nou paske nou pa t' fè l' jan nou te dwe fè l' la.

Job 13:11

11 Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?

Psalms 14:5

5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.

Isaiah 49:24-25

24 Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf? 25 Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.

Matthew 4:24

24 Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

Matthew 9:33

33 Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.

Matthew 12:29

29 Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l' yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', se atò la kapab piye kay la.

Mark 5:4

4 Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t' gen fòs ase pou donte li.

Mark 5:9

9 Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil.

Mark 5:16

16 Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo.

Mark 5:18

18 Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l' pèmisyon pou li ale ave l' tou.

Luke 8:27

27 Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv.

Luke 8:35-36

35 Moun soti pou y' al wè sak te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te soti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. 36 Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri.

Luke 10:39

39 Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo.

Colossians 1:13

13 Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

2 Timothy 1:7

7 Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.