Mark 15:33 Cross References - Haitian

33 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.

Psalms 105:28

28 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.

Isaiah 50:3-4

3 Mwen kouvri syèl la ak nwaj nwa. Li tankou yon moun ki nan lapenn pou ka lanmò! 4 Seyè a moutre m' sa pou m' di, pou m' ka ankouraje moun ki pa kapab ankò. Chak maten li louvri zòrèy mwen, pou m' ka tande sa li pral moutre m', jan yon bon patizan fèt pou fè.

Amos 8:9-10

9 Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen. 10 M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.

Matthew 27:45

45 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.

Mark 15:25

25 Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.

Luke 23:44-45

44 Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi. 45 Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.