Mark 11:30 Cross References - Haitian

30 Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non.

Matthew 3:1-17

1 Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a. 2 Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'. 3 Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. 4 Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa. 5 Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. 6 Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. 7 Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? 8 Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon. 9 Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. 10 Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. 11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. 12 Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. 13 Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. 14 Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou? 15 Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò. 16 Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. 17 Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.

Mark 1:1-11

1 Men konmansman Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri, Pitit Bondye a. 2 Nan liv pwofèt Ezayi a, men sa ki te ekri: Bondye di: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. La louvri chemen an pou ou. 3 Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. 4 Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo. 5 Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. 6 Jan te mete yon rad pwal chamo sou li, ak yon sentiwon an po mare nan ren li. Se krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa li te manje. 7 Li t'ap mache bay mesaj sa a: -Moun k'ap vin apre m' lan gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase pou m' ta bese demare sapat ki nan pye li. 8 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, la batize nou nan Sentespri a. 9 Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l' nan larivyè Jouden an. 10 Antan Jezi t'ap soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri Bondye a desann sou li an fòm yon pijon. 11 Li tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: -Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m' kontan anpil.

Mark 9:13

13 Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle ave l', jan sa te ekri sou li a.

Luke 3:1-20

1 Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn. 2 Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a. 3 Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo. 4 Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. 5 Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl. 6 Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an. 7 Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? 8 Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. 9 Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife. 10 Foul moun yo mande l' konsa: Kisa pou nou fè menm? 11 Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt. 12 Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè? 13 Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a. 14 Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an. 15 Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la. 16 Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17 Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. 18 Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bon nouvèl la bay pèp la. 19 Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè. 20 Le sa a, Ewòd mete ankò sou sa l' te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon.

John 1:6-8

6 Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan. 7 Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè. 8 Se pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a.

John 1:15-36

15 Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l' te di byen fò: Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen. 16 Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè. 17 Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a. 18 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye. 19 Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l' ki moun li ye. 20 Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la. 21 Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non. 22 Lè sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n' pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye? 23 Jan reponn: Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.) 24 Gen nan moun yo te voye bò kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo. 25 Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun? 26 Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen. 27 L'ap vin apre m', men mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat li. 28 Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t'ap batize a. 29 Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. 30 Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m' men ki gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen. 31 Mwen pa t' konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pèp Izrayèl yo te ka rekonèt li. 32 Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li. 33 Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri. 34 Jan di yo ankò: Mwen wè sa ak je m', se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre. 35 Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo. 36 Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a.

John 3:25-36

25 De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo. 26 Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li. 27 Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li. 28 Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li. 29 Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a. 30 Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou. 31 Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout. 32 L'ap di sa l' wè, sa l' tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li. 33 Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre. 34 Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi. 35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.