Malachi 3:13 Cross References - Haitian

13 Seyè a di ankò: -Nou te pale m' mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa?

Exodus 5:2

2 Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote.

2 Chronicles 32:14-19

14 Pa gen yonn nan bondye lòt nasyon zansèt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atò nou vle kwè Bondye nou an ka delivre nou anba men m'? 15 Se poutèt sa, pa kite Ezekyas ban nou manti, pa kite li pete nou! Nou pa bezwen kwè l'! Pa gen bondye ankenn gouvènman, ni bondye ankenn nasyon ki te ka delivre yon peyi anba men zansèt mwen yo, ni anba men pa m'! Ale wè pou Bondye nou an ta ka delivre nou anba men mwen! 16 Chèf lame Lasiri yo te pale pi mal toujou sou Bondye pèp Izrayèl la, Seyè a, ak sou Ezekyas, sèvitè l' la. 17 Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l': Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t' ka delivre pèp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m'! 18 Mesaje wa Lasiri yo t'ap pale byen fò nan lang ebre pou tout moun ki te sou miray lavil Jerizalèm yo te ka tande. Yo t'ap fè yo pè, yo t'ap fè yo pèdi kouraj pou yo te ka pran lavil la fasil. 19 Yo t'ap pale sou Bondye lavil Jerizalèm lan tankou yo te konn pale sou bondye lòt nasyon yo ki yon bann estati moun fè ak men.

Job 34:7-8

7 Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè. 8 Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo.

Job 40:8

8 Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?

Psalms 10:11

11 Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.

Isaiah 5:19

19 Y'ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l'. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.

Isaiah 28:14-15

14 Se poutèt sa, nou menm bann awogan ki chita lavil Jerizalèm pou gouvènen pèp sa a, koute sa Seyè a di nou: 15 -N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.

Isaiah 37:23

23 Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Jeremiah 8:12

12 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa.

Malachi 1:6-8

6 Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l'. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l' respekte papa l'. Yon domestik fèt pou l' gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m'? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la? 7 Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l' sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Seyè a pa merite yo respekte l'. 8 Lè nou mennen yon bèt je pete pou yo touye pou mwen, atò, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen yon bèt k'ap mache bwete, yon bèt tou malad, sa se pa bagay ki mal? Seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske la ba ou yon favè?

Malachi 2:14

14 Epi n'ap mande poukisa? Se paske Seyè a wè sa ou fè madanm ou te marye lè ou te jenn lan. Ou pa kenbe pwomès ou te fè l' la. Ou te pase kontra avè l', ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe l' pou madanm ou pou tout tan.

Malachi 2:17

17 N'ap fatige tèt Seyè a ak yon bann pawòl. Epi n'ap di: Ki jan n'ap fatige l' la? Se lè n'ap plede di: Tout moun ki fè sa ki mal yo bon nan je Seyè a. Li kontan ak yo. Ou ankò lè n'ap mande: Kote Bondye k'ap rann jistis la?

Malachi 3:8

8 Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.

Romans 9:20

20 Monchè, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: èske krich la ka pale ak moun ki fè l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fè m'?

2 Thessalonians 2:4

4 Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.