Luke 9:4 Cross References - Haitian

4 Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a.

Matthew 10:11

11 Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati.

Mark 6:10

10 Epi li di yo ankò: -Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati.

Luke 10:5-8

5 Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la. 6 Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. 7 Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. 8 Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou.

Acts 16:15

15 Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.