Leviticus 6:12 Cross References - Haitian

12 Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l' mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l', epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a.

Exodus 29:38-42

38 Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye. 39 W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt. 40 Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a. 41 W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l' menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 42 Ofrann nan dife sa a, yo gen pou yo fè l' tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Seyè a, m'ap kontre ak pèp mwen an pou m' pale ak yo.

Leviticus 1:7-9

7 Prèt yo, pitit Arawon, prèt la, va limen dife sou lotèl la, y'a mete bwa nan dife a. 8 Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la. 9 Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

Leviticus 3:3-5

3 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, 4 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Seyè a. 5 Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

Leviticus 3:9-11

9 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la, 10 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a. 11 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.

Leviticus 3:14-16

14 L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, 15 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a. 16 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Seyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

Leviticus 9:24

24 Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.

Numbers 4:13-14

13 Y'a wete sann ki sou lotèl la, epi y'a kouvri lotèl la ak yon dra wouj. 14 Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la.

Nehemiah 13:31

31 Mwen bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt. O Bondye mwen, pa bliye m' tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!

Mark 9:48-49

48 La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. 49 Paske, tout moun ap sale ak dife.

Hebrews 10:27

27 Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.