Judges 5:17 Cross References - Haitian

17 Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo.

Joshua 13:25

25 Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba.

Joshua 13:31

31 mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo.

Joshua 19:24-31

24 Senkyèm pòsyon tè a soti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 25 Men lavil ki te nan pòsyon tè pa yo a: Elkat, Ali, Betèn, Akchaf, 26 Alamelèk, Ameyad, Micheyal. Sou bò solèy kouche, li te rive mòn Kamèl ak ravin Libnat. 27 Sou bò solèy leve, tè a rive jouk Bèt-Dagon, li rive sou limit tè moun Zabilon yo, li pran fon Jiftayèl la moute nan direksyon nò, li pase Bèt-Emèk ak Neyèl, li bout sou Kaboul bò nan nò nèt. 28 Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an. 29 Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l' al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib, 30 Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo. 31 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Asè yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.