John 7:2 Cross References - Haitian

2 Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive.

Exodus 23:16-17

16 Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo. 17 Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Seyè a, Bondye a.

Leviticus 23:34-43

34 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a. 35 Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a. 36 Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay. 37 Men fèt pou nou fete pou Seyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li. 38 Apa tout jou repo Seyè yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Seyè a paske nou te vle fè l', n'a fè ofrann sa yo. 39 Sou kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a fè fèt pou Seyè a pandan sèt jou, apre n'a fin rekòlte jaden nou yo. Premye jou a ak wityèm jou a va de gwo jou repo. 40 Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Seyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou. 41 Chak lanne, pandan sèt jou nan setyèm mwa a, n'a fete fèt sa a pou mwen menm, Seyè a, Bondye nou an. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit. 42 Pandan sèt jou tout moun pèp Izrayèl yo va rete anba joupa. Wi, n'a rete anba joupa pandan sèt jou. 43 Konsa, pitit pitit nou yo va konnen mwen menm, Seyè a, mwen te fè pèp Izrayèl rete anba joupa lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Numbers 29:12-38

12 Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou. 13 Premye jou a, n'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: Men bèt pou nou ofri: trèz towo bèf, de belye mouton, katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 14 Men ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv ki pou mache ak bèt yo: venteyen ti mamit farin frans pou chak towo, katòz ti mamit pou chak belye, 15 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton, ansanm ak ofrann bwason ki pou mache ak yo chak. 16 N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche. N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann pou nou boule nèt chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki pou mache avè l' yo. 17 Dezyèm jou fèt la, n'a ofri douz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 18 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 19 Epi, anplis ofrann bèt nou fè pou yo boule nèt pou Seyè a chak jou ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 20 Twazyèm jou fèt la, n'a ofri onz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 21 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 22 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 23 Katriyèm jou fèt la, n'a ofri dis towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 24 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 25 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 26 Senkyèm jou fèt la, n'a ofri nèf towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 27 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 28 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 29 Sizyèm jou fèt la, n'a ofri wit towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 30 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 31 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 32 Setyèm jou fèt la, n'a ofri sèt towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 33 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 34 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. 35 Wityèm jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap fè okenn gwo travay. 36 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt pou nou ofri: yon towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 37 Ansanm ak chak bèt n'a ofri ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an, 38 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.

Deuteronomy 16:13-16

13 Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou. 14 N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a. 15 Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale. 16 Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid.

1 Kings 8:2

2 Pandan Fèt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyèm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.

1 Kings 8:65

65 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.

2 Chronicles 7:9-10

9 Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an. 10 Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, yo al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Seyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a.

Ezra 3:4

4 Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a.

Nehemiah 8:14-18

14 Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa. 15 Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesaj sa a bay tout moun: -Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la. 16 Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Genyen ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Genyen ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan. 17 Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete. 18 Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.

Zechariah 14:16-19

16 Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo. 17 Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm. 18 Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Seyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou. 19 Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.