Jeremiah 49:30 Cross References - Haitian

30 Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l' kraze nou. Li soti pou l' fini ak nou.

Isaiah 10:7

7 Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon.

Jeremiah 25:9

9 mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

Jeremiah 25:24-25

24 tout wa peyi Arabi yo, tout wa ki rete nan dezè bò solèy kouche a, 25 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo ak tout wa Medi yo,

Jeremiah 27:6

6 Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.