Jeremiah 48:31 Cross References - Haitian

31 Se konsa, m'ap plenn sò moun Moab yo, m'ap rele pou tout peyi Moab yo, pou moun lavil Ki-Erès yo.

2 Kings 3:25

25 Yo detwi lavil yo. Chak fwa yo rive bò yon bèl jaden, chak moun pran wòch, yo voye ladan l' jouk jaden an kouvri nèt ak wòch. Yo bouche tout sous dlo yo, yo koupe tout bèl pyebwa yo. Sèl kote ki te rete kanpe se te lavil Kiraresèt, kapital la. Sòlda yo sènen l', yo atake l' ak kout wòch.

Isaiah 15:5

5 Kè m' ap fann pou peyi Moab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan.

Isaiah 16:7-11

7 Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo. 8 Gwo jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a. 9 Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a. 10 Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwen chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba! 11 Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès.

Jeremiah 48:36

36 Se poutèt sa, kè m' ap fè m' mal anpil pou moun Moab yo, pou moun Ki-Erès yo. M'ap plenn sò yo tankou moun k'ap jwe fif nan lantèman. Paske yo pèdi tou sa yo te genyen.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.