Jeremiah 48:19 Cross References - Haitian

19 Nou menm k'ap viv lavil Awoyè. Rete sou bò wout la tann. Mande moun k'ap kouri met deyò yo sa ki pase.

Numbers 32:34

34 Moun fanmi Gad yo rebati tout lavil sa yo: Dibon, Atawòt, Awoyè,

Deuteronomy 2:36

36 Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou.

1 Samuel 4:13-14

13 Eli menm te chita sou chèz li a bò wout la ap veye paske kè l' pa t' poze pou Bwat Kontra Bondye a. Nonm lan lage nouvèl la nan tout lavil la. Tout moun t'ap pouse rèl tèlman yo te pè. 14 Eli tande bri a, li mande: -Pouki tout bri sa a? Nonm lan kouri pote nouvèl la bay Eli.

1 Samuel 4:16

16 Nonm lan di Eli konsa: -Mwen fèk soti kote yo t'ap goumen an, mwen chape kò m' nan batay la vin isit la. Eli di l': -Ki jan sa pase, pitit mwen!

2 Samuel 1:3-4

3 David mande l': -Kote ou soti? Nonm lan reponn: -Mwen chape kò m' soti nan kan moun Izrayèl yo. 4 David di li: -Manyè di m' sa ki pase. Nonm lan reponn: -Lame pèp Izrayèl la kouri pandan batay la te mare. Gen anpil sòlda ki mouri. Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, mouri tou.

2 Samuel 18:24-32

24 David menm te chita ant pòtay deyò a ak pòtay anndan an. Yon faksyonnè te moute sou teras anwo miray la, li te kanpe sou tèt pòtay la. Li leve je l', li wè yon nonm ki t'ap kouri vini. 25 Li rele pou avèti wa a. Wa a di l': -Si li pou kont li, se bon nouvèl l'ap pote. Mesaje a t'ap pwoche toujou 26 lè faksyonnè a wè yon lòt moun ki t'ap kouri vini tou. Li pale ak nonm ki t'ap fè pòs bò pòtay la, li di l' konsa: -Men yon lòt moun k'ap vini pou kont li tou. Wa a reponn: -Sa a tou, se bon nouvèl l'ap pote. 27 Faksyonnè a pran ankò: -Sou jan l'ap kouri a, gen lè premye a se Akimaz, pitit gason Zadòk la. Wa a di: -Se yon bon gason. Ou mèt sèten se bon nouvèl l'ap pote. 28 Akimaz pwoche, li di wa a bonjou. Lèfini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, li di: -Monwa, lwanj pou Seyè a, Bondye ou la, paske li lage tout moun ki te leve dèyè ou yo nan men ou! 29 David mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Akimaz reponn li: -Monwa, lè Joab, moun pa wa a, te voye m' lan, mwen wè te gen yon gwo kouri. Men, m' pa konnen sa ki te genyen. 30 Wa a di l': -Bon. Kanpe bò la a. Tann mwen. Akimaz mete kò l' sou kote, li rete ap tann. 31 Apre sa, nonm peyi Letiopi a vin rive. Li di wa a: -Monwa, mwen gen bon nouvèl pou ou! Jòdi a, Seyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo. 32 Wa a mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Nonm peyi Letiopi a reponn, li di l': -Se pou sa ki rive jenn gason sa a rive tout lènmi monwa yo ansanm ak tout lòt moun k'ap leve dèyè ou pou fè ou mal.

2 Samuel 24:5

5 Yo travèse larivyè Jouden, y' al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò.

1 Chronicles 5:8

8 Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Joèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nò.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.