Isaiah 57:21 Cross References - Haitian

21 Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.

2 Kings 9:22

22 Joram mande l': --Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: --Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?

Isaiah 3:11

11 Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.

Isaiah 48:22

22 Men Seyè a di: Pa gen kè poze pou mechan yo!

Isaiah 59:8

8 Yo pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje.

Romans 3:16-17

16 Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè. 17 Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.