Isaiah 24:22 Cross References - Haitian

22 L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo.

Joshua 10:16-17

16 Men, senk wa yo te kouri chape, y' al kache nan gwòt Makeda a. 17 Y' al di Jozye yo jwenn senk wa yo kache nan gwòt Makeda a.

Joshua 10:22-26

22 Lè sa a, Jozye di: -Degaje bouch gwòt la. Mennen senk wa yo deyò vin jwenn mwen. 23 Yo degaje bouch gwòt la, yo mennen senk wa yo deyò vin jwenn li. Se te wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la ak wa lavil Eglon an. 24 Lè yo mennen wa yo ba li, Jozye rele tout gason nan pèp Izrayèl la, epi li di chèf ki te avè l' yo: -Vini non! Mete pye nou sou kou wa sa yo! Yo pwoche vre, yo mete pye yo sou kou wa yo. 25 Epi Jozye di yo: -Nou pa bezwen tranble! Nou pa bezwen pè! Mete gason sou nou! Pa janm dekouraje paske Seyè a pral fè nou mete pye nou sou kou tout lènmi n'a jwenn sou wout nou! 26 Apre sa, Jozye touye wa yo epi li fè pann kadav yo sou senk pyebwa kote yo rete pandye jouk aswè.

Isaiah 2:19

19 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.

Isaiah 10:4

4 Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!

Isaiah 24:17

17 Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!

Isaiah 42:22

22 Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!

Jeremiah 38:6-13

6 Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a. 7 Lè sa a, te gen yon moun peyi Letiopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an. 8 Ebèdmelèk soti nan palè a, li ale bò pòtay la, li di wa a konsa: 9 -Monwa, mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò. 10 Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk lòd pou li pran trant lòt moun avè l' pou li wete Jeremi nan sitèn lan anvan l' mouri. 11 Se konsa Ebelmelèk pran moun yo avè l', li antre nan palè a, li ale yon kote ki anba pyès depo richès wa a, li pran yon bann moso twal chire ak vye rad, li mare yo nan kòd, li file yo desann bay Jeremi nan sitèn lan. 12 Epi li di Jeremi konsa: -Mete moso twal yo ak vye rad yo anba zesèl ou pou kòd yo pa kòche ou. Jeremi fè sa vre. 13 Epi yo rale l' moute soti nan sitèn lan avèk kòd yo. Apre sa, Jeremi rete nan lakou gad palè yo.

Ezekiel 38:8

8 Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.

Zechariah 9:11

11 Seyè a di: -Akòz kontra mwen pase avè nou an, kontra ki siyen ak san bèt yo ofri yo, m'ap fè lage moun ou yo ki te nan prizon, m'ap wete yo nan fon sitèn san dlo a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.