Isaiah 11:14 Cross References - Haitian

14 Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Moab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo.

Numbers 24:17

17 Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.

Isaiah 16:14

14 Koulye a, Seyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Moab la nan tenten. Atout li gen anpil moun koulye a, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!

Isaiah 25:10

10 Seyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Moab yo anba pye l', menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.

Isaiah 33:1

1 Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!

Isaiah 34:5-6

5 Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri. 6 Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon.

Isaiah 59:19

19 Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.

Isaiah 60:14

14 Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Isaiah 66:19-20

19 M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa. 20 Y'a pran tout frè parèy nou yo, y'a mennen yo tounen soti nan peyi sa yo, tankou yon ofrann pou mwen. Y'ap mennen yo tounen sou mòn ki apa pou mwen an, lavil Jerizalèm, sou chwal, sou milèt, sou chamo, nan kabwèt kouvri, nan cha, menm jan moun pèp Izrayèl yo konn pote grenn jaden pou ofri nan tanp lan nan veso yo mete nan bon kondisyon espre pou sa.

Jeremiah 49:28

28 Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.

Ezekiel 38:1-23

1 Seyè a pale avè m' ankò. li di m' konsa: 2 -Nonm o! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè a. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a. 3 W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou. 4 M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an. 5 Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo. 6 Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon. 7 Di l' konsa: Li mèt pare, li mèt pare tout sòlda l' yo ki sanble bò kote l' pou yo tann lòd mwen yo. 8 Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje. 9 L'a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l' yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj. 10 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou. 11 Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè. 12 Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a. 13 Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou? 14 Se poutèt sa, nonm o, bay mesaj mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san ankenn danje, se lè sa a wava bay kò ou mouvman. 15 W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo. 16 Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an. 17 Se sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m' yo, pou m' te fè yo konnen mwen gen pou m' te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa. 18 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m' ap moute m'. 19 M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la. 20 Pwenson nan lanmè, zwezo nan syèl, bèt nan bwa, bèt k'ap trennen sou vant, tout moun ki rete sou latè pral tranble paske y'ap pè m'. Mòn yo pral anfale, falèz yo pral vide desann. Tout miray yo pral tonbe atè. 21 Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo. 22 M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo. 23 Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

Daniel 11:41

41 L'ap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l'.

Joel 3:19

19 Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo.

Amos 9:12

12 Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!

Obadiah 1:18-19

18 Moun fanmi Jakòb yo pral tankou dife. Pitit pitit Jozèf yo pral tankou yon flanm dife. Yo pral detwi pitit Ezaou yo nèt tankou dife nan zèb chèch. Pesonn nan fanmi Ezaou a p'ap chape. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 19 Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo.

Zephaniah 2:5

5 Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Seyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a.

Zechariah 9:5-7

5 Moun lavil Askalon yo pral wè sa, yo pral pè. Moun Gaza yo pral tranble kou fèy bwa. Moun lavil Ekwon yo tou, paske yo p'ap jwenn sa yo t'ap tann lan. Lavil Gaza pral pèdi wa li a. Lavil Askalon pral rete san moun ladan l'. 6 Moun san mele yo pral rete lavil Asdòd. M'ap kraze lògèy moun Filisti yo. 7 Yo p'ap manje vyann ak tout san li ladan l' ankò, ni ankenn lòt vye manje yo te konn manje yo. Tout moun ki va chape anba lanmò va fè pati pèp Bondye a. Y'ap tankou yon branch nan fanmi Jida a. Moun Ekwon yo va menm jan ak moun Jebis yo.

Matthew 8:11

11 Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.