Genesis 26:1 Cross References - Haitian

1 Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.

Genesis 12:10

10 Men, grangou tonbe sou peyi a, pa t' gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan.

Genesis 20:1-2

1 Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a, 2 li t'ap di se sè li Sara te ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera a, fè yo mennen Sara ba li.

Genesis 21:22-32

22 Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè. 23 Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a. 24 Abraram reponn. -M' fè sèman. 25 Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs. 26 Abimelèk di l' -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t' janm di m' anyen sou sa. Se koulye a m'ap tande koze a. 27 Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt. 28 Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l' yo, li mete yo sou kote. 29 Abimelèk mande l' -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote. 30 Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a. 31 Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt. 32 Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a.

Genesis 25:11

11 Apre Abraram mouri, Bondye te beni Izarak, pitit gason l' lan, ki te rete toupre Pi moun vivan ki wè m' lan.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.