Genesis 24:37 Cross References - Haitian

37 Mèt mwen fè m' fè sèman, li di m' piga m' chwazi yon madanm pou pitit gason l' lan nan medam moun peyi Kanaran kote l' rete a.

Genesis 6:2

2 Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.

Genesis 24:2-9

2 Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman. 3 Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a. 4 Men, se nan peyi pa m' pou ou ale, pou ou chwazi pami moun menm ras ak mwen yo yon madanm pou Izarak, pitit gason m' lan. 5 Domestik la mande l': -Kisa pou m' fè si fi a pa vle kite peyi l' pou l' vin avè m' nan peyi sa a? Eske se pou m' mennen pitit gason ou lan ale nan peyi kote ou te soti a? 6 Abraram reponn li: -Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a! 7 Seyè a, Bondye syèl la, te pran m' fè m' soti lakay papa m' ak nan peyi fanmi mwen. Li pale avè m'. Li fè m' sèman l'ap bay pitit pitit mwen yo peyi sa a. Enben, se li menm ki va fè zanj li pran devan ou, pou ou chwazi yon madanm nan moun laba yo pou pitit gason m' lan. 8 Si madanm lan pa vle vin avè ou, w'a konnen ou kit ak sèman ou te fè m' lan. Sèlman, nenpòt jan, pa mennen pitit gason m' lan laba a. 9 Domestik la mete men l' nan fant janm Abraram, mèt li, epi li sèmante pou l' fè sa l' mande l' fè a.

Genesis 27:46

46 Rebeka di Izarak konsa: -Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m' ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m' mouri!

Ezra 9:1-3

1 Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo. 2 Yo marye ak fanm pèp sa yo, yo marye pitit gason yo ak pitit fi pèp sa yo. Se konsa, ras Bondye chwazi pou li a twouve l' melanje ak ras moun peyi a. Premye moun ki lage kò yo nan move zak sa yo se chèf yo ak konseye yo. 3 Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.