Ezra 2:68 Cross References - Haitian

68 Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.

Exodus 35:5-19

5 Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv, 6 bon twal siperyè koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwès fèt ak pwal kabrit, 7 po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya, 8 lwil pou lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye a ak nan lansan an, 9 pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon prèt la. 10 Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a: 11 kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo, 12 Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la, 13 tab la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou, 14 gwo lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l' yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo, 15 lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan, 16 lòtèl pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l' yo, basen lan ak tout pye li, 17 rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a, 18 dis pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a, 19 bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l' yo lè y'ap fè travay prèt yo.

Exodus 35:29

29 Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a.

Exodus 36:3

3 Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo.

Numbers 7:3-89

3 Men sa yo te ofri bay Seyè a: sis kabwa ak douz towo bèf, ki vle di yon kabwa pou chak de chèf ak yon bèf pou chak chèf. Yo mennen yo devan kay Bondye a epi yo ofri yo bay Bondye. 4 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: 5 -Ou mèt asepte kado sa yo nan men yo. W'a sèvi ak yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. W'a bay moun fanmi Levi yo kabwa yo, dapre travay ki sou kont yo. 6 Se konsa, Moyiz pran kabwa yo ak bèf yo, li bay moun Levi yo. 7 Li bay moun fanmi Gèchon yo de kabwa ak kat bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo. 8 Li bay moun fanmi Merari yo kat kabwa ak wit bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo, travay pou yo fè sou lòd Itama, pitit Arawon, prèt la. 9 Men li pa bay noun Keyat yo anyen, paske se sou zepòl yo pou yo pote tout bagay ki nan kote ki apa nèt pou Bondye a. 10 Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la. 11 Seyè a di Moyiz konsa: -Chèf yo va pote ofrann yo pou sèvis y'ap fè pou mete lotèl la apa pou mwen. Y'a vini yonn apre lòt, yonn chak jou. 12 Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a. 13 Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo. 14 Li te ofri tou yon kiyè an lò, ki peze yon ka liv, plen lansan, 15 yon jenn ti towo bèf, yon belye mouton ak yon ti mouton ki poko gen ennan, tou sa pou yo boule nèt pou Seyè a. 16 Li te ofri ankò yon bouk pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal, 17 de towo, senk belye, senk bouk, senk ti mouton ki poko gen ennan pou ofrann pou di Bondye mèsi. Se ofrann sa a Nakchon, pitit gason Anminadab la, te ofri bay Seyè a. 18 Dezyèm jou a, se te tou pa Netanèl, pitit gason Zwa a, chèf branch fanmi Isaka a. 19 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 20 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 21 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 22 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 23 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 24 Twazyèm jou a, se te tou pa Eliyab, pitit gason Elon an, chèf branch fanmi Zabilon an. 25 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 26 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 27 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 28 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 29 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 30 Katriyèm jou a, se te pou pa Elizou, pitit gason Chedeyou a, chèf branch fanmi Woubenn lan. 31 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 32 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 33 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 34 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 35 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 36 Senkyèm jou a, se te tou pa Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, chèf branch fanmi Simeyon an. 37 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 38 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 39 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 40 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 41 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 42 Sizyèm jou a, se te tou pa Elyasaf, pitit gason Dewèl la, chèf branch fanmi Gad la. 43 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 44 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 45 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 46 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 47 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 48 Setyèm jou a, se te tou pa Elichama, pitit gason Amiyoud la, chèf branch fanmi Efrayim lan. 49 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 50 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 51 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 52 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 53 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 54 Uityèm jou a, se te tou pa Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, chèf branch fanmi Manase a. 55 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 56 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 57 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 58 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 59 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 60 Nevyèm jou a, se te tou pa Abidan, pitit gason Gideyoni an, chèf branch fanmi Benjamen an. 61 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 62 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 63 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 64 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 65 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 66 Dizyèm jou a, se te tou pa Ayezè, pitit gason Amichadayi a, chèf branch fanmi Dann lan. 67 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 68 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 69 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 70 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 71 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 72 Onzyèm jou a, se te tou pa Pagiyèl, pitit gason Okran an, chèf branch fanmi Asè a. 73 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 74 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 75 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 76 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 77 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 78 Douzyèm jou a, se te tou pa Ayira, pitit gason Enan an, chèf branch fanmi Neftali a. 79 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 80 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 81 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 82 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 83 Li ofri menm bagay ak Nakchon. 84 Men ofrann tout chèf yo te pote pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a: douz bòl an ajan, douz plat an ajan, douz kiyè an lò. 85 Chak bòl an ajan te peze twa liv enka, chak plat an ajan te peze yon liv twaka. Sa te fè antou swasant liv ajan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. 86 Chak kiyè an lò pou lansan an te peze yon ka liv, dapre sistèm pèz yo sèvi nan kay Bondye a. Sa te fè antou pou douz kiyè yo twa liv lò. 87 Men kantite bèt yo te ofri antou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ki mache ak yo: douz towo, douz belye, douz ti mouton ki poko gen ennan. Yo te bay douz bouk tou pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal. 88 Men kantite bèt yo te ofri an total pou di Bondye mèsi: vennkat jenn ti towo, swasant belye, swasant bouk ak swasant ti mouton ki poko gen ennan. Se ofrann sa a yo te fè pou mete lotèl la apa nèt pou sèvis Seyè a, apre yo te fin vide lwil sou li. 89 Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.

1 Chronicles 21:18

18 Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a.

1 Chronicles 22:1

1 Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.

1 Chronicles 29:5-17

5 pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye? 6 Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. 7 Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. 8 Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. 9 Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil. 10 Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! 11 Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. 12 Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. 13 Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa. 14 Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. 15 Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. 16 Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye. 17 Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.

2 Chronicles 3:1

1 Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la.

Ezra 3:3

3 Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè.

Nehemiah 7:70-73

70 Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz (11.693) ons ajan. 71 Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan. 72 Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo. 73 Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.

Psalms 110:3

3 Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.

Luke 21:1-4

1 Jezi pwonmennen je l' toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. 2 Li wè yon pòv vèv tou ki t'ap mete de ti kòb kwiv. 3 Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. 4 Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te gen pou l' viv.

2 Corinthians 8:3

3 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo,

2 Corinthians 8:12

12 Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen.

2 Corinthians 9:7

7 Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.