Ezekiel 4:14 Cross References - Haitian

14 Lè sa a, mwen di: -O non! Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m' piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje!

Exodus 22:31

31 Se pou nou mache tankou moun k'ap viv apa pou mwen. Pa manje vyann bèt nou jwenn lòt bèt nan bwa devore. Vyann konsa se chen pou nou jete l' bay.

Leviticus 11:39-40

39 Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè. 40 Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

Leviticus 17:15

15 Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

Leviticus 19:7

7 Paske si nou manje l' sou twazyèm jou a, se yon manje gate li ye! Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.

Deuteronomy 14:3

3 Piga nou manje anyen Seyè a deklare nou pa gen dwa manje.

Isaiah 65:4

4 Lannwit, y' al nan simityè ak nan twou wòch pou fè sèvis pou mò ka di yo sa pou yo fè. Yo manje vyann kochon, yo bwè bouyon fèt ak vyann ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.

Isaiah 66:17

17 Seyè a di ankò: -Talè konsa sa pral fini pou moun k'ap fè sèvis pou mete kò yo nan bon kondisyon anvan y'a l' fè pwosesyon pou zidòl nan jaden yo, pou moun k'ap manje vyann kochon, vyann sourit ak lòt kalite manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.

Jeremiah 1:6

6 Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.

Ezekiel 9:8

8 Pandan yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò: -Wouy! Seyè Bondye sèl Mèt la, èske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou soti pou pini lavil Jerizalèm?

Ezekiel 20:49

49 Lè sa a mwen di: -Aa! Seyè sèl Mèt mwen! Pa fè m' di sa non! Moun deja ap plenyen se an daki ase m'ap pale!

Ezekiel 44:31

31 Prèt yo pa gen dwa manje ankenn bèt, kit se zwezo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore.

Acts 10:14

14 Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.