Ezekiel 24:22 Cross References - Haitian

22 Lè sa a, n'a fè jan nou wè m' fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun.

Job 27:15

15 Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo.

Psalms 78:64

64 Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo.

Jeremiah 16:4-7

4 Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa. 5 Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò. 6 Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo. 7 Pesonn p'ap manje pen ak diven avèk moun ki nan lapenn, avèk moun ki gen lanmò nan fanmi yo. Pesonn p'ap moutre yo nan lapenn ak moun ki pèdi papa yo osinon manman yo.

Jeremiah 47:3

3 Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.

Ezekiel 24:16-17

16 -Nonm o! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele, pa kite dlo sot nan je ou! 17 Plenn sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou.

Amos 6:9-10

9 Si gen dis gason nan yon kay ki rete, y'ap touye yo. 10 Lè yon fanmi moun mouri a va vin pran kadav la anndan kay la pou li al antere l', l'a pale ak moun ki nan fon kay la, l'a mande: Eske gen moun la ankò ak ou? Yon vwa va reponn: Non, pa genyen. Lè sa a, l'a di: Pe bouch nou! Pa nonmen non Bondye nan bagay sa a!

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.