Exodus 30:18 Cross References - Haitian

18 -W'a fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou. W'a mete l' ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.

Exodus 31:9

9 lòtèl pou boule ofrann yo ak tout bagay ki pou sèvi sou lòtèl la, basen lan ak tout pye l' a,

Exodus 38:8

8 Bezaleyel pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k'ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l' chita.

Exodus 40:7

7 W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.

Exodus 40:30-32

30 Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'. 31 Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan. 32 Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.

Leviticus 8:11

11 Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak tout pye li. Se konsa li mete yo apa pou sèvis Bondye.

1 Kings 7:23

23 Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.

1 Kings 7:38

38 Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa.

2 Chronicles 4:2

2 Li fè fè ankò yon gwo basen an kwiv tou won pou mete dlo. Basen lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Le ou mezire wonn li, li ba ou karannsenk pye.

2 Chronicles 4:6

6 Li fè fè dis lòt basen an kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule nèt sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basen lan pou lave kò yo.

2 Chronicles 4:14-15

14 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo, 15 yon gwo basen tou won pou mete dlo, douz towo pou soutni basen lan,

Zechariah 13:1

1 Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.

Titus 3:5

5 li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan.

1 John 1:7

7 Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.