Esther 1:5 Cross References - Haitian

5 Apre tout jou sa yo, wa a fè yon gwo fèt pou tout moun, rich kou pòv, ki te rete lavil Souz, kapital la. Pandan sèt jou, li resevwa mesye yo nan lakou jaden palè l' la.

2 Chronicles 7:8-9

8 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la. 9 Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an.

2 Chronicles 30:21-25

21 Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a. 22 Ezekyas t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Seyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Seyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi. 23 Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan. 24 Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (1.000) towo bèf ak sètmil (7.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a. 25 Tout moun te kontan, depi moun peyi Jida yo, prèt yo, moun Levi yo jouk moun ki te soti nan peyi Izrayèl yo ansanm ak moun lòt nasyon ki te tabli ni nan peyi Jida a ni nan peyi Izrayèl la.

Esther 7:7-8

7 Wa a leve bò tab la byen move, li soti deyò al nan jaden palè a. Aman te konnen wa a tapral pini l' pou sa l' fè a. Li rete pou l' mande larenn lan fè pa l'. 8 Aman te fèk panche kò l' sou divan Estè a pou mande l' padon lè wa a tounen antre soti nan jaden an. Lè wa a wè sa, li di: -Koulye a, apa nonm lan soti pou li fè kadejak sou larenn Estè, l'a devan je m', nan mitan lakay mwen an! Wa a poko fin pale, nèg konfyans yo gen tan kouvri tèt Aman.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.